Veye - Priye writing by Vikiana k. Menager and Clifford Sainfort
! Intro !
Bondye di nan matye 26
Veye - Priye pou pa tonbe nan tantasyon
lespri ou kapab byen dispoze men pa bliye
la chair est faible
! Chorus !
Chimen an long, wout la glise
tanpri Senye kenbe men mwen poum pa tonbe
dyab la frekan, e li pisan
tanpri Senye Ame'm ak fos ou pou'm ka lite ( bis )
! Refrain !
Kretyen se pou toujou ap veye
paske dyab la egri, li vle pran kouwonn nan
kretyen se pou toujou ap priye
Sonje se la viktwa ou ye...
! Chorus !
Satan move, li atake'm
se pou flanbo levanjil la toujou pi wo
Bondye'm nan gran, li tou pisan
ak menm nan men'l sou chimen an map travese
! Refrain !
Kretyen se pou toujou ap veye
paske dyab la egri
li vle pran kouwonn nan ( bis ) chorus
Veye pou pa pedi wayom syel laa
Kretyen se pou toujou ap veye
paske dyab la egri, li vle pran kouwonn nan
kretyen se pou toujou ap priye
Sonje se la viktwa ou ye...
! bridge !
Kretyen pa dekouraje
konba sa, se pa konbaw li ye
kenbe fem, pa moli
se la viktwa ou ye
! Chorus !
Veye - priye..
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire