vendredi 7 août 2015

Soutni'm - Free Lirycs

Soutni'm By Clifford Sainfort

( Verse 1 )
Gen de moman
Nan lavi saa
Ki konn tèlman 
Paret nwa pou mwen
òf mond lan 
Konn vle twouble lespri'm
Pou fè'm pati 
Kite prezans ou
Malgre sa
ou toujou pwoteje'm
Ou toujou kenbe'm
Anba zèl pwoteksyon w
Jodi a m'santi vi'm menase
Devan'w mwen prezante'm 
Pou'm mande'w

Tanpri
Kontinye soutni'm
Pou'm rete fidèl
Jouktan ou vini
Tanpri
Kontinye soutni'm
pou'm pa pran
Yon lòt chimen
Senyèe ( bis )

( Verse 2 )
Ou konnen byen
Depi se chimen'w mwen pran
Ennmi'm yo 
Ap tann pèlen pou mwen
Men sa pa fè'm pè
Paske se pou ou map viv
Pou ou Jezi 
Map afwonte tout zeprèv
Nan bra'w
Se la mwen vle poze'm 
E se si 
Nenpot sa'k ta rive'm

( Chorus )
Tanpri
Kontinye soutni'm
Pou'm rete fidèl
Jouktan ou vini
Tanpri
Kontinye soutni'm
Pou'm pa pran
 Yon lòt chimen
Senyèe ( bis)

( Bridge )
Souple Senyè Ede'm
Pou'm fè wout ou
Pou'm ka toujou rete
Anba zèl ou
Menm lè move moman
vi'n pou twouble'm 
Wa kenbe'm pi fò
E Sere'm pi prè'w Senyèe
( Chorus )
Kenbe'm pi fò
Sere'm pi prè'w 
Senyèe ( bis )

   By Clifford Sainfort  

     

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire